Vèvè Lokal

Vèvè Lokal

Yo mwen reprezante Ayiti
Pye palmis, libète pou pèp nwa
M se gran midi pou soulèy
M se je lalin pou fè nwa
M se sekrè ki kache nan lwa yo
Fòs ki kache nan bwa yo
Pòt pawòl tout espri ginen
Chak lè m pale, nap ka tande vwa yo
M se pitit Afrika, e tè a son tè beni
M se fèy tretman gwo midi
M asire tè a son tè geri
Mwen pote Kat pou sen Jòj
Limyè pou Zeklè
Kwa pou sen Pòl
Antèn pou sen Klè
Flè pou sen Jozèf
Èd pou Filomèn
Pè pou sen Jak
Pòt pou sen Pyè
Se vwa pèp sak bliye rout li
Rele m lidè a
M ap plede wete baboukèt nan dyòl
Ti pèp sa nou te vl bride a

Песен-НИКИ

Загрузка...

Другие песни KANIS

Все песни →

Похожие песни