On m’avait dit: «Te pose pas trop d’questions» Tu sais petit, c’est la vie qui t' répond Rhod, ou twò piti pou konprann Souvan lavi teste ou sou leson ou pa t janm aprann Se pa tout sa ou voye ale ki vin jwenn ou Ou ap renmen, y ap rayi w Pami zanmi ou yo, gen sa k pral trayi w Rhod gen moun ou ap fè mal, pa enkyete ou, sa rive menm Gandhi Ou ap fè erè, dayè se konsa ou grandi Ou pa kreten, ou jis gen move pwòf Jije on pwason sou kapasite l pou l monte pye bwa ka fè l fè vi l ap panse l sòt Mache pye atè pou 2 pye ou pa pran nan on grenn soulye Depi ou nan fouwo ou, yo p ap wè si pwent ou wouye Pa bliye lwayote Lajenès, solidè menm nan mizè On chimè, p ap vle w manyen zam, l ap di ou Li vle ou atis, li pa vle w chimè Nan mizik ou ap jwenn chimen ou, ou ap Fòse desten ou Ou a mande Estè padon, nou tout paka medsen Ou ap konprann lavi devan anmò papa ou Separasyon k pi brital yo fèt san di babay Sampling (Patrick Bruel — Qui a le droit?) On m’avait dit: «Te pose pas trop d’questions» Tu sais petit, c’est la vie qui t' répond Pa gen bondye sou latè, pa koute doc la Menm si se pou wete angwas ou, pa touche dwòg la Ou pa konn doulè on souri ka kache Pa jije, menm sa k touye tèt li, se bonè l l ap chache Men anyen pa bloke lanmou, menm lanmò Ou ap brize jodi a, demen ou ap renmen ankò Rhod, powèt yo pa nòmal Akwo a melankoli ou, ou ap santi ou byen lè w mal Desepsyon sou desepsyon Rhod pa al wè psi a, malere pa konnen sa k rele depresyon Ou ka konte sou dwèt ou nuit ki pa tris yo Leve chak fwa ou tonbe tatouwe viktwa ou yo sou sikatris yo Rhod pa pè mouri pou lide ou Se pa sa yo fè de ou, men se kisa ou fè de sa yo fè de ou Rhod bonè a s on chwa Menm si kou Powèt la fòk m avwe: Le blues a son charme Sampling (Patrick Bruel — Qui a le droit?) On m’avait dit: «Te pose pas trop d’questions» Tu sais petit, c’est la vie qui t' répond
Песен-НИКИ
Загрузка...
Другие песни D-FI Powèt Revòlte
Все песни →Похожие песни

Бигасс
SODA LUV
Ничего личного
Русский рэп201975,449

Бандана
Платина
РНБ КЛУБ
Русский рэп201859,980

Свадебное путешествие
Александр Буйнов
Острова любви
Русская эстрада199954,906

Каспий жағалауы
Azamat
Поп200134,438

Шпилька-каблучок
Лолита
Анатомия
Русская эстрада201433,308

Девочка 2D
Dead Rave
Singles 15-17
Русский рэп201828,891


